Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Touttivis Mòrèd Pwennfèpa

Arebò wonn lavi
On dividal atoufè
Zoboukechen
Ap teke lespwa tout on pèp
Sou on dal pousyè fatra

Youn pi voras ke lòt
Wonn lan bèl avèk chelèn
Tout moun vle jwe nan lakou pa m
On jwèt koken, anbativant
K ap boure nanm tout moun

Anpil ap teke san rete
Raboure wonn lavi, ranpli sak yo
Anpil lòt pa janm sispann mawon
Mare y ap mare yo sèlman bò wonn lavi
Pou wè ki lè ya va souse on zo

Epi pousyè lanmò ap swele lavi nou tout
Nan on alevini anraje, andjable
Touttivis Mòrèd Pwennfèpa
Jwèt la sere anpil, li make san tonnè
Tout tèk kapab mete n 2 pye devan

Ti kras rès yo fin swiv
N ap pwopoze on lòt jwèt, Marèl
Kote n ap konte, danse, vole jis nan syèl
Pou n desine akwarèl lavi nou
Nan on anbyans dans bat men ankouraje chen

Ayiti pap janm fout peri menm nan rèv yo !

Il est temps d'arrêter. Pensons pays maintenant mes très chers compatriotes !

 

Jean Frantz Philippe

 

Poésie infernale
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :